Pakou ki fèt pou ede w devlope kapasite lengwistik ak nimerik ou

GOLS ofri fòmasyon ki byen estriktire pou akonpaye tout moun; tankou etidyan, pwofesyonèl... nan bezwen yo genyen pou yo aprann epi fè pwogrè.

Fòmasyon Lengwistik

Kou Lang

Kou sa yo adapte ak divès nivo, epi nou bay anpil enpòtans ak konpreyansyon, ekspresyon oral, redaksyon, ak fason yo itilize lang lan nan lavi reyèl.

  • Kreyòl ayisyen
  • Fransè
  • Anglè
  • Panyòl
  • Katalan
Mande plis enfòmasyon

Fòmasyon Teknik

Fòmasyon Teknik

Aprantisaj pratik pou ede w devlope konesans k ap itil ou nan etid ou, nan travay ou, ak nan monn nimerik n ap viv jodi a.

  • Biwotik: Word, Excel, PowerPoint
  • Inisyasyon nan Entèlijans Atifisyèl (IA)
  • Konesans nimerik pwofesyonèl
Enskri nan yon fòmasyon

Fòmasyon ki fèt pou w fè pwogrè toutbonvre

Kou ak fòmasyon nou yo byen òganize yon fason pou w ka fè pwogrè epi pou w ka pratike sa w aprann yo. Chak pakou vize yon aprantisaj ki itil, ki estriktire, epi ki chita sou nivo moun k ap aprann nan.

Nou bay anpil valè ak kalite akonpayman an, ak jan travay yo fèt regilyèman, epi ak fason w mete konesans ou yo an pratik.

Sa nou bay plis enpòtans

  • Yon pwogresyon ki mache ak nivo w
  • Konesans ki itil e ki pratik
  • Yon akonpayman serye ki aksesib pou ou

Chwazi fòmasyon ki ale ak objektif ou an

Kontakte nou pou w ka konnen kijan pou w enskri, ki orè nou genyen, ak ki lè pwochen sesyon yo ap kòmanse.

Kontakte nou