Ou vle aprann yon nouvo lang, tradui yon dokiman oswa kominike pi byen, kontakte nou.

GOLS ofri fòmasyon, sèvis lengwistik ak sèvis tradiksyon ki adapte ak bezwen akademik, administratif ansanm ak pwofesyonèl ou yo.

Fòmasyon Lengwistik

Kou lang

Aprann ak bon metòd, fè pwogrè avèk konfyans.

Kou kreyòl ayisyen, fransè ak anglè, ki byen òganize nan yon kad estriktire pou devlope konpreyansyon w, fason w eksprime w ak fasilite w genyen pou w kominike.

Gade kou yo

Fòmasyon teknik

Fòmasyon teknik

Konesans ki itil pou etid ou ak travay ou.

Fòmasyon pratik nan entèlijans atifisyèl ak enfòmatik biwotik pou ranfòse otonomi nimerik ou ak efikasite pwofesyonèl ou.

Gade fòmasyon yo

Akonpayman lengwistik

Koreksyon ak konsiltasyon

Tèks ki pi klè, ki pi korèk e ki pi byen swanye.

Lekti, koreksyon ak konsèy lengwistik pou amelyore kalite tèks akademik, administratif ak pwofesyonèl ou yo.

Dekouvri akonpayman lengwistik yo

Tradiksyon

Tradiksyon dokiman

Yon sèvis nou bay avèk anpil swen, konfidansyalite ak presizyon.

Tradiksyon dokiman ofisyèl, akademik ak administratif, tankou papye eta sivil, relve nòt, diplòm, ekstrè achiv ak dosye jiridik.

Dekouvri sèvis tradiksyon nou yo.

Yon akonpayman serye, ki adapte ak bezwen w

Nan GOLS, nou trete chak demann ak anpil atansyon, kit se pou yon fòmasyon, yon sèvis lengwistik oswa pou tradiksyon dokiman.

Nou asire nou ba w yon travay ki klè, ki swanye epi ki fyab, pandan nou respekte objektif, delè ak kontèks chak kliyan.

Sa nou garanti w

  • Konfidansyalite lè n ap trete dokiman w yo
  • Kletè ak presizyon nan travay lengwistik nou yo
  • Respè delè nou te antann sou yo a

Ann pale de sa w bezwen an

Kontakte nou pou w ka jwenn plis enfòmasyon, mande yon akonpayman oswa mande yon devi pou yon tradiksyon.

Kontakte nou